Redaksyon : Elie Fleurimont
Yon fanm ki gen nasyonalite ayisyèn arete pandan yon operasyon migratwa ki te fèt nan Repiblik dominikèn fen semèn nan, apre li te eseye kouri pou chape anba ajan yo.
PUBLICITÉ
《《Maîtrisez l’art de convaincre !
La RTPA et le CEFOPAL vous invitent à un séminaire en communication politique et prise de parole en public.
17 & 18 mai 2026
Delmas 33, Mais Gâté 16
2000 gourdes
Infos : 4643-7609 / 3171-6150 / 3762-2575
Deux jours pour développer votre impact et votre leadership.》》
Daprè temwayaj moun ki te sou plas, fanm nan te pran kouri lè li remake prezans otorite yo. Pandan ajan yo t ap pouswiv li, li te glise epi tonbe nan yon zòn ki te gen labou, menm sandal li pat gen nan pye l. Se nan moman sa a yo te rive mete men sou li.
Apre arestasyon an, yo te mennen li ansanm ak lòt moun yo te arete pandan operasyon an, daprè enfòmasyon ki disponib yo.
Evènman sa a deja ap fè anpil pale sou rezo sosyal yo, kote plizyè moun ap reyaji sou fason operasyon migratwa yo ap fèt kont sitwayen ayisyen nan peyi a.
Pou kounye a, pa gen plis detay ofisyèl sou idantite fanm nan ni sou kote egzak operasyon an te fèt, menm otorite Ayiti yo pa di anyen.
