Vyolans seksyèl san limit : plizyè gason nan Pòtoprens viktim anba men gang ame yo
Nan yon peyi kote vyolans ap pale pi fò pase lalwa, yon lòt verite ap koule nan lonbraj : gason tou ap viktim vyol seksyèl anba men gang ame yo. Yon reyalite ki ra pou tande, men ki ap feraye an silans.
Nan Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens, anpil temwayaj ranmase pa AyiboPost montre kijan gang ame yo ap itilize vyòl kòm zam domintasyon, pa sèlman kont fanm ak tifi, men kont gason tou. Fenomèn sa a ap pran fòs nan mitan kriz ensekirite ki ap ravaje peyi a depi plizyè ane.
18 me 2025, yon jèn gason 27 lane kite yon kan deplase sou wout Bourdon pou l al patisipe nan yon ti rankont amikal nan Delmas 19. Kèk minit apre li rive, 6 gason ame anvayi kay la. Yo bat, yo imilye, epi yo vyole prèske tout moun ki te nan espas la. Mèt kay la sèlman pa t sibi agresyon an. Jiska jounen jodi a, rezon ki fè li te epanye rete yon kessyon san repons.
Ayibopst te rankontre viktim nan nan lokal, yon òganizasyon ki bay sèvis sante ak sipò sikolojik. Je l chaje dlo, vwa li tranble pandan li t ap rakonte doulè sa a. Li di li pa ka dòmi. Chak fwa li fèmen je li, se sèn vyòl kolektif la retounen vivan nan memwa li.
Yon mwa apre agresyon an, egzamen medikal revele li trape sifilis, yon enfeksyon li di li pa t genyen anvan. Sou pwatrin li, yon mak kout boutèy rete kòm temwen rezistans li te eseye fè.
Daprè sikològ Darline Armand, ki gen plis pase dis lane ap akonpaye sivivan vyolans baze sou sèks nan SEROVIE, ka vyòl sou gason yo ap ogmante depi 5 dènye ane yo. Li sonje yon etidyan ki te kidnape nan zòn mòn kabrit pa gang ki ta gen lyen ak gwoup yo rele Taliban. Pandan plizyè jou kaptivite, jèn gason sa a te sibi vyòl plizyè fwa, anba kout baton. Kèk mwa apre liberasyon li, li kite peyi a, li kraze nèt anba chay twomatis la.
Ernst Paul Émile, militan depi 2010 nan domèn akonpayman sivivan vyolans seksyèl, esplike ke ant janvye ak novanm 2025 sèlman, li rankontre anviwon 20 ka vyòl sou gason nan zòn metwopolitèn nan. Men li ensiste : chif yo pa reflete reyalite a. “Pè ak wont fè anpil gason fè silans,” li di.
Nan menm moman an, òganizasyon tankou (SOFA) ak kontinye dokimante ogmantasyon dramatik vyòl sou fanm ak tifi. Men kestyon vyolans seksyèl sou gason rete majinalize, souvan pa rekonèt kòm yon ijans sosyal.
Nan yon sistèm jidisyè ki prèske paralize, kote gang yo kontwole katye antye, viktim yo rete san pwoteksyon. Twomatis sikolojik la lou anpil. Daprè Armand, anpil sivivan devlope depresyon pwofon, izòlman sosyal, e menm panse swisid. Gen kèk ki kenbe sèlman poutèt pitit yo.
Nan sosyete ayisyen an, kote maskilinite souvan asosye ak fòs ak dominasyon, admèt ke yon gason vyole rete yon tabou. Se yon doub santans : agresyon fizik la, epi jijman sosyal la.
Pandan gang yo ap kontinye simen laterè nan Pòtoprens ak lòt vil, kesyon an rete klè : kilè doulè sa yo ap jwenn rekonesans ofisyèl ak repons enstitisyonèl serye ?
Dèyè chak estatistik ki pa egziste, gen yon lavi kraze.
Dèyè chak silans, gen yon kriye ki pa janm soti.
Version créole : Radyo tele Pwofondè Ayiti 13 février 2026
Par : Junior Legrand
Publié sur : — 27 novembre 2025
