À la uneActualitéEn vedettePolitiquesSécurité

Dèlma Ensekirite : Junord Jeanbaptiste, jèn aktivis politik, viktim yon atak ame nan Delmas 65

Patager sur :

Junord Jeanbaptiste, jèn aktivis politik ki plis konnen sou non “Junord le Président”, sibi yon atak ame grav nan zòn Dèlma 65, nan nuit vandredi 23 pou louvri samdi 24 janvye 2026.
Daprè enfòmasyon ki disponib, atak la te fèt pa endividi ame ki t ap sikile sou moto. Yo te menase lavi li epi yo vòlè telefòn selilè li.


Selon deklarasyon viktim nan, zak sa a pa ta yon evènman izole. Li estime li ta gen rapò ak pozisyon politik li ak angajman li kont pouvwa defakto a. Li fè konnen li konsidere sitiyasyon an kòm yon menas ki pandye sou tèt jèn ki angaje nan lavi politik peyi a.


Junord Jeanbaptiste denonse atak la kòm yon zak kriminèl grav ki fèt nan yon kontèks ensekirite k ap ogmante chak jou nan peyi a. Daprè li, agresyon an pa t vize li sèlman kòm sitwayen, men li ta vize tou jenerasyon jèn ki angaje pou chanjman.
« Mwen konsidere zak sa a kòm yon zak kriminèl. Li fèt nan yon moman ki trè frajil kote ensekirite a ap vale teren. Atak sa a pa fèt kont mwen sèl, men kont tout jèn angaje ki vle chanjman reyèl nan peyi a », se sa li deklare.
Fas ak sitiyasyon sa a, estrikti Jenès Angaje lanse yon apèl bay otorite jidisyè yo pou yo pran responsabilite yo, pou evite lòt zak vyolans san jistis.
Yo mande pou limyè fèt sou atak sa a san pèdi tan, epi pou sekirite jèn angaje yo ansanm ak dwa fondamantal tout sitwayen ayisyen garanti.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *