Depi sou gouvènman Jovenel Moïse, pase nan Ariel Henry, CPT, rive nan Alix Didier Fils Aimé, gang yo kontinye ranfòse pouvwa yo san krent. Masak san limit, kraze zòn, komisarya boule oswa abandone, wout nasyonal yo bloke, vin mete ak ogmantasyon pri gaz la, sa elve volim mizè pèp la. Leta sèlman redui jodi a nan fè reyinyon, deplasman ak pibliye foto sou rezo sosyal san aksyon konkrè.
Nan dat ki te 12 mas 2021, gang izo yo touye 5 polisye SWAT, leta abandone kadav yo, prezidan eli epòk la pat fè anyen kòm reyaksyon. Menm lane 1ye jen 2021, gang yo pran wout Matisan, touye, boule, kraze, anba je Jovenel, depi lè sa, kriminèl yo vin pi òganize ak danjere pou peyi a.
Nan Potoprens ak kèk lòt depatman, gang yo pa sèlman egziste, yo kontwole ak domine jan yo vle. Selon anpil rapò ki pibliye moutre yon gran pati nan kapital la (apeprè 85%) anba men yo. Yo fè masak, kraze zòn, oswa itilize blokaj sou wout yo, leta rete paralize menmjan ak manm popilasyon an.
Soti 2021 pou rive jodi a, ak ogmantasyon vyolans gang yo, plis pase 50 komisarya kraze, fòs polis la fèb, epi gouvènman ki pase yo pa gen plan reyèl pou ede popilasyon an sòti nan mizè ak pè. Pandan gang yo entimide sitwayen yo, gouvènman an rete tankou espektatè nan pwòp peyi li.
Sa fè kèk tan, chak gouvènman ki pase ki eseye pran kontwòl, men gang yo toujou ranfòse. Pran nan Jovenel Moïse, Ariel Henry, CPT, rive Alix Didier Fils Aimé, yon modèl san chanjman parèt, gang yo vin pi òganize, pi vyolan, swadizan leta toujou rete an mòd feblès devan yo. Sitiyasyon an montre yon mank total vizyon ak planifikasyon, kote lavi chak sitwayen tounen yon jwèt anba jo otorite enkonpetan yo.
Ogmantasyon pri gaz la ajoute yon lòt fado pou pèp la, desizyon sa a pa sèlman afekte ekonomi an, li ranfòse mizè ak soufrans popilasyon an, fè moun ki nan tèt peyi a parèt dekonèkte ak reyèlite yo ap viv chak jou. Lè gouvènman an ogmante pri gaz la konsa, pa pote mwayen pou soulaje anyen nan blokaj wout nasyonal yo oswa fè gang yo pèdi pouvwa, sa montre yon mank responsablite ak yon dekoneksyon total ak popilasyon an.
Kesyon fondamantal la rete : ki itilite moun ki nan tèt peyi a si yo pa kapab pwoteje sitwayen yo, ni mete lòd nan peyi a?
Mizè, krim, ak ensekirite tounen nòmalite pandan gang yo ap ogmante pouvwa yo, dwe genyen yon gouvènman lejitim pou bay repons serye pou pwoteje lavi sitwayen yo.
Editoryal RTPA 9 avril 2026
