Redaksyon : Elie Fleurimont
Yon dram trajik pase nan kominote Lavale Jakmèl, nan lokalite Mizak, vandredi 27 mas 2026 la. Yon jèn demwazèl ki rele Julie pèdi lavi l apre li te fin resevwa plizyè kout kouto, dapre enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon RTPA.
Moun ki fè zak la se mennaj viktim nan, yon nonm yo idantifye sou non Jacques Joseph, alyas “Detay”. Premye eleman enfòmasyon yo fè konnen krim lan gen rapò ak yon sèn jalouzi.
Apre krim nan, sispèk la kouri e li toujou nan mawon jiskaprezan. Otorite lokal ak fanmi yo deja lanse rechèch pou jwenn prezime asasinen an epi mennen l devan lajistis.
Ka sa a vin ogmante lis zak vyolans ki kontinye ap frape kominote ayisyen an, swa se Ayiti oswa lòtbò dlo, pandan anpil nou RTPA ap mande amoure yo pran plis mezi pou evite krim pasyonèl yo.
