Vizit solidarite : DG Paraison ak wo Kòmandman PNH la vizite polisye ki blese yo nan lopital
Redaksyon : Elie Fleurimont
Direktè Jeneral a.i. PNH la, Vladimir Jonas André Paraison, ansanm ak plizyè manm nan wo Kòmandman polis ma, te rann vizit jodi madi 25 fevriye 2026 la ak polisye ki te blese pandan dènye operasyon kont kidnpè yo nan Delmas.
Vizit la te fèt nan lopital kote ajan yo ap resevwa swen nan kapital la apre yo te fin pran bal nan entèvansyon ki te fèt lendi 23 fevriye a nan Delmas 19. Nan operasyon sa a, 2 ajan SWAT ak yon ajan UDMO te blese pandan yo t ap mennen aksyon pou bloke plizyè kidnapè. Yon lòt polisye UDMO te viktim nan echanj atak kriminèl nan Delmas 65.
Akonpaye ak Enspektè Jeneral Joël Orival (DCPA) ak Enspektè Jeneral Étienne Maurest (DP), DG Paraison te eksprime solidarite enstitisyon an anvè ajan yo ak fanmi yo. Li salye kouraj ak detèminasyon polisye yo ki kontinye mete lavi yo an danje pou pwoteje popilasyon an.
Responsab yo fè konnen tout dispozisyon deja pran pou garanti pi bon swen medikal pou ajan ki blese yo, pou yo kapab retounen nan sèvis nan pi bon kondisyon.
PNH la reafime angajman li pou kontinye konbat fenomèn kidnaping ak ensekirite ki ap frape zòn metwopolitèn nan.
