Meri yo abandone : komin yo tounen depo fatra
Redaksyon : Elie Fleurimont
Sonje li lòt atik yo svp, tande radyo a tou 24/24
Anpil meri jodi a tounen senbòl neglijans ak abandon. La kote administrasyon lokal la ta dwe òganize, pwoteje epi amelyore lavi sitwayen yo, sa prèske pa egziste ankò. Fatra ap moute byen wo nan tout lari, drenaj yo bouche, pa gen limyè nan lari, pa gen twalèt piblik, pa gen bon mache piblik, twotwa yo plen machann sou yo : tout sa yo se siy ki montre absans total Leta sou teren an.
Wòl yon meri pa limite sèlman touche lajan ak bay papye administratif. Li gen responsabilite pou planifye, jere sèvis debaz yo, asire pwòpte piblik, epi rete pre popilasyon an. Lè responsablite sa yo pa pran oserye, komin nan vin lage pou kont li, chak moun ap eseye degaje yo san okenn gid ni sipò enstitisyonèl.
Neglijans sa a pa sèlman sou kessyon fatra oswa enfrastrikti; li montre gen yon gwo kriz konfyans ant otorite lokal yo ak popilasyon an. Lè dirijan yo absan, lè yo pa koute plent sitwayen yo, oswa lè yo pa rann kont sou travay yo, se komin nan ki peye konsekans lan.
Pou komin yo reprann diyite ak efikasite yo, fòk responsab lokal yo konprann misyon yo pa yon tit ni yon senp fòmalite administratif. Se yon devwa konkrè, chak jou, anvè pèp la. Dirije yon komin vle di prezans, aksyon, transparans ak responsabilite.
Yon meri solid ka transfòme yon vil, paske majistra se Prezidan komin lan.
RTPA — 16 Fevriye 2026

RTPA, la voix du peuple Haïtien, la force de la vérité.
Yes