À la uneInternationals

West Palm Beach : Chantè Pedro Foce arete pou vyolans sou konjwen li

Patager sur :

Redaksyon : Elie Fleurimont

West Palm Beach : Chantè Pedro Foce arete pou vyolans sou konjwen li

West Palm Beach, Florid – Lapolis nan vil la arete chantè ayisyen Pedro Foce apre akizasyon vyolans domestik sou konjwen li nan wikenn yè 13 fevriye 2026 la, Dairlienne Valéus.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, ensidan an ta rive lakay koup la. Menm si madanm nan pa t depoze plent fòmèl kont atis la, mak ki te vizib sou vizaj li ta pouse otorite yo entèvni epi mete chantè a anba kòd.

Dapre règleman ki an vigè nan eta Florid, nan kèk ka vyolans domestik, lapolis ka pran mezi legal menm lè viktim nan pa deside pote plent, sitou lè gen prèv fizik ki montre siy agresyon.

Pou kounye a, pa gen plis detay ki disponib sou kondisyon liberasyon atis la ni sou posib akizasyon ofisyèl yo. Dosye a rete anba swivi otorite jidisyè yo.

N ap raple se pa premye fwa non yon atis ayisyen site nan dosye vyolans domestik, yon sitiyasyon ki kontinye soulve kestyon sou konpòtman piblik figi medyatik yo ak enpak li sou sosyete a.

Dapre enfòmasyon Eudgie pataje.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *