À la uneActualitéSécurité

DG PNH la lanse apèl pou manm gang yo rann tèt yo

Patager sur :

Direktè Jeneral Police Nationale d’Haïti (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, lanse yon mesaj piblik vandredi 13 fevriye 2026 lan, li adrese dirèkteman ak moun ki enplike nan aktivite gang ak zak kriminèl atravè peyi a.

Nan mesaj la, DG la envite tout moun ki ta vle kite mouvman gang yo pou yo prezante tèt yo bay lapolis. Li presize enstitisyon an pare pou resevwa yo nan respè dwa yo ak diyite yo, selon sa lalwa prevwa.
Mesaj la ankouraje moun ki konsène yo pou chèche akonpayman nan men yon pastè, yon ougan, yon jounalis oswa yon notab nan kominote yo pou fasilite demach rann tèt la.

Direksyon Jeneral la fè konnen nenpòt moun ki deside rann tèt li ap mennen devan lajistis pou reponn kestyon sou zak yo, nan kad pwosedi legal ki egziste.

Apèl sa a vini nan yon kontèks kote otorite yo ap kontinye mennen operasyon kont gwoup ame nan plizyè rejyon peyi a.
Rete pou wè ki repons inisyativ sa a ap jwenn sou teren an.

Redaksyon Elie Fleurimont

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *